ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 5 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 6 Konsèy • Konsèy se yon pati enpòtan nan yon tretman pou anpil pasyan epi anjeneral yo rekòmande l avèk medikaman. • Se yon klinisyen kalifye ki ta dwe bay konsèy la. Pasyan yo ka resevwa konsèy nan menm espas kote yo resevwa medikaman yo a oswa nan yon lòt espas. • Konsèy la ede pasyan yo rezoud pwoblèm pèsonèl, pwoblèm sosyal oswa lòt pwoblèm ki ka kontribye nan zafè adiksyon yo a. Men kèk egzanp: • Ogmante motivasyon pou tretman an ak gerizon an • Sitiyasyon difisil nan travay oswa lakay • Bati yon sistèm sipò ki gen moun ki ankouraje gerizon an • Tout klinisyen ki enplike nan tretman pasyan an ta dwe travay ansanm pou kowòdone swen yo. • Anplis de konsèy yo, yo ankouraje pasyan yo pou yo rantre nan gwoup sipò ki genyen lòt moun ki nan pwosesis gerizon yo. • Yo pa limite konsèy ak gwoup sipò yo pou pasyan an. Epitou, genyen anpil sèvis konsèy ak gwoup sipò pou fanmi ak zanmi moun k ap fè fas ak adiksyon yo. Sonje byen, pwoblèm adiksyon an afekte zanmi ak fanmi yo tou. Sipò bò kote Fanmi ak Zanmi • Fanmi ak zanmi yo ka jwe yon wòl enpòtan nan sipòte pwòch yo rive geri yon fason ki dire lontan. • Li enpòtan anpil pou pasyan yo evite moun, espas ak lòt bagay ki deklannche dezi pou yo konsome alkòl oswa dwòg. Epitou, yo bezwen aprann fason pou yo reyaji kont deklannchè sa yo san yo pa konsome alkòl oswa dwòg. Zanmi ak fanmi ka bay sipò ak ankourajman pandan tout pwosesis sa a.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide