ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 6 of 19

7 MEDIKAMAN POU TRETE ADIKSYON OPYOYID Medikaman Non Mak yo Biprenòfin (Buprenorphine) Sublocade® (Piki), Brixadi® (Piki), jenerik (fim oswa konprime) Biprenòfin (buprenorphine) ak nalokzòn (naloxone) Bunavail®, Cassipa®, Suboxone®, Zubsolv®, jenerik (fim oswa konprime) Metadòn (methadone) jenerik (likid oswa konprime pou fonn nan dlo) Naltrekzòn (naltrexone) avèk liberasyon pwolonje Vivitrol® (piki) SEVRAJ • Sevraj opyoyid la se yon pakèt sentòm douloure epi dezagreyab ki rive apre yon moun fin sispann oswa diminye sou konsomasyon opyoyid. Sevraj la ka dire plis pase 10 jou men se pi souvan ant 3 a 5 jou. • Malgre li ka lakoz yon seri sentòm ki twoublan anpil (tankou vomisman, kranp ak swe), sevraj opyoyid la raman mete lavi moun an danje. • Yo prèske toujou rekòmande pou w itilize medikaman pou kontwole sevraj la ( yo rele l tou jesyon sevraj) pase eseye andire sevraj la san tretman an. Lè pasyan yo eseye sispann konsome opyoyid san tretman, sa ka lakoz anvi yo vin pi fò epi kontinye konsome l. • Jesyon sevraj la poukont li se pa yon tretman pou adiksyon opyoyid epi li ka ogmante risk pou moun nan chite ankò, fè yon ovèdoz, epi mouri akoz yon ovèdoz. • Lè w ap trete yon moun pou adiksyon opyoyid, yo rekòmande anjeneral pou li pran medikaman (metadòn, biprenòfin oswa naltrekzòn) ansanm ak konsèy epi lòt fòm sipò. • Lofeksidin (lofexidine) ak klonidin (clonidine) san danje epi yo efikas pou jere sevraj opyoyid, men metadòn (methadone) ak biprenòfin (buprenorphine) pi efikas epi yo ka kontinye avèk yo pou tretman adiksyon opyoyid. • Yo pa rekòmande pou jere sevraj opyoyid la grasak mwayen Dezentoksikasyon Opyoyid ki Rapid Anpil la (Ultra-Rapid Opioid Detoxification, UROD) akoz gwo risk efè negatif tankou lanmò.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide