ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 4 of 19

5 Plan Tretman • Apre ou fin pale sou rezilta evalyasyon yo ak chwa tretman an avèk klinisyen an, li lè kounye a pou devlope plan tretman konplè a. • Sa rive souvan pou ni pasyan an ak klinisyen an siyen yon akò sou bagay yo dwe atann yo pandan tretman an. Sa ka gen ladan: • Objektif tretman an • Medikaman: anjeneral metadòn (methadone), biprenòfin (buprenorphine) oswa naltrekzòn (naltrexone) pou twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid • Orè tretman an • Plan sèvis konsèy • Sèvis sipò pou gerizon • Angajman pasyan an pran pou respekte tretman an • Risk pou fè yon chit ankò epi lòt pwoblèm sekirite Patisipasyon Pasyan An • Angajman pasyan an nan tretman an ak nan pwosesis gerizon an amelyore rezilta yo. Tretman yo ta dwe alontèm, paske adiksyon an se yon maladi kwonik. Pou rezon sa a, li enpòtan pou pasyan yo kolabore avèk klinisyen yo nan lide pou devlope yon plan tretman ki adapte a bezwen yo epi objektif yo. • Pasyan yo ta dwe atann pou yo trete yo avèk respè ak diyite epi klinisyen yo dwe koute pwoblèm yo genyen yo lè yo kòmanse oswa chanje plan tretman an. • Pou evite pwoblèm sante yo, pasyan yo dwe enfòme klinisyen yo konsènan nenpòt lòt medikaman yo ap pran oswa si yo ap bwè alkòl. Sa a trè enpòtan — gen kèk medikaman ak alkòl ka lakoz gwo pwoblèm avèk medikaman tretman yo. • Men responsablite pasyan yo souvan genyen: • Kenbe tout randevou yo • Bay echantiyon pou tès dwòg yo regilyèman • Pran medikaman yo jan yo preskri yo a • Itilize sèlman medikaman yo preskri yo • Pèmèt epi ankouraje patisipasyon fanmi ak zanmi k ap bay sipò yo • Evite moun, espas ak sitiyasyon ki ka mete yo nan risk pou yo chite ankò.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide