ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 3 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 4 APÈSI SOU TRETMAN AN Pandan evalyasyon an, klinisyen an pral idantifye bezwen sipò sikolojik ak sipò sosyal pasyan an tou. Gen anpil chans pou li rekòmande sèvis konsèy oswa sèvis sipò pou gerizon, tankou patisipasyon nan yon gwoup kote youn ap sipòte lòt. Men, patisipasyon nan sèvis konsèy ak lòt sèvis sipò yo pa ta dwe obligatwa pou yon moun ka resevwa tretman ki fèt avèk medikaman. Si pasyan an patisipe nan gwoup kote youn ap sipòte lòt yo, li enpòtan pou jwenn yon gwoup ki ankouraje moun itilize medikaman ki pou twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid yo. Malgre yon evalyasyon konplè ak yon evalyasyon medikal enpòtan pou devlope yon plan tretman, reyalizasyon tout evalyasyon yo pa ta dwe retade oswa anpeche pasyan an kòmanse pran medikaman yo. Apre evalyasyon an, klinisyen an pral pale sou tout opsyon tretman ki rekòmande yo avèk pasyan an. Sitiyasyon chak pasyan diferan, se poutèt sa, chwazi pi bon opsyon yo se yon desizyon ki pataje ant pasyan an ak klinisyen an. Gen twa (3) chwa prensipal pou medikaman ki la pou trete adiksyon opyoyid: metadòn (methadone), biprenòfin (buprenorphine), ak naltrekzòn (naltrexone). Yo rekòmande medikaman sa yo ansanm ak sèvis konsèy epi lòt sèvis sipò. Genyen yon seri opsyon tretman ki diferan selon nivo gravite maladi pasyan an ak lòt faktè. ASAM dekri kat (4) gwo nivo swen: • ASAM Nivo 1 - Tretman pou pasyan ki pa entène. Pa egzanp, tretman avèk biprenòfin (buprenorphine) oswa naltrekzòn (naltrexone) avèk yon pwofesyonèl swen sante prensipal. • ASAM Nivo 2 - Pasyan ki pa entène ki nan swen entansif oswa ospitalizasyon pasyèl. Nan pwogram pou Pasyan ki pa Entène ki nan Swen Entansif (Intensive outpatient, IOP) ak pwogram pou Ospitalizasyon Pasyèl la (Partial Hospitalization, PHP), pasyan an resevwa plis pase 9 oswa 20 èdtan sèvis tretman pa semèn, nan lòd sa a. • ASAM Nivo 3 - Tretman rezidansyèl rezidans. Pwogram tretman rezidansyèl yo bay yon tretman nan yon anviwònman konfòtab ki an sekirite, kote pasyan an ka pratike konpetans ki nesesè pou gerizon li. • ASAM Nivo 4 - Tretman pou pasyan ki entène lopital. Tretman pou pasyan ki entène lopital ka nesesè pou pasyan ki soufri gwo pwoblèm medikal oswa pwoblèm sikyatrik ki bezwen swen medikal ak swen enfimye. Li enpòtan pou pale sou tout diferan opsyon tretman avèk klinisyen an pou detèmine kiyès ki pi apwopriye.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide