ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 2 of 19

3 EVALYASYON Chèche èd se premye etap enpòtan nan gerizon an. Pwochen etap nan pwosesis la se rankontre yon klinisyen kalifye. Yon klinisyen se yon pwofesyonèl sante tankou yon doktè, yon sikyat, yon sikològ, yon travayè sosyal, oswa yon enfimyè. Pandan premye randevou sa a, klinisyen an pral fè yon tès depistaj pou pasyan an pou wè si li genyen yon twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid epi li pral fè yon evalyasyon. Objektif evalyasyon an se genyen yon konpreyansyon apwofondi konsènan pasyan yo ak sou nivo gravite maladi yo a. Sa pral ede klinisyen an ak pasyan an devlope yon plan tretman ki pi byen koresponn ak bezwen pasyan an. Pou Kòmanse • Klinisyen an pral poze kesyon pou li ka konprann tout faktè ki vin lakoz pasyan an adikte. Tank klinisyen an konnen plis bagay, se tank l ap pi byen ka planifye yon tretman avèk pasyan an. Gen chans pou li poze pasyan an kesyon sou: • Aktyèl konsomasyon dwòg ak alkòl li • Sentòm sevraj yo • Antesedan pou konsomasyon dwòg ak alkòl • Antesedan familyal pou adiksyon • Pwoblèm sante mantal oswa sante fizik • Sistèm sipò • Disponiblite yon lojman ki an sekirite epi ki estab • Motivasyon pou chanje • Pwochen etap la se yon egzamen fizik konplè pou verifye eta sante jeneral pasyan an. Sa gen ladann, jwenn lòt maladi moun wè souvan (fizik oswa mantal) ki gen rapò ak adiksyon epi ki ka afekte plan pou tretman an. • Egzamen fizik la souvan gen ladann yon tès dwòg.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide