ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 1 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 2 ENTWODIKSYON Adiksyon se yon maladi medikal kwonik ki afekte plizyè milyon moun nan tout mond lan, ansanm ak fanmi yo epi kominote yo. An 2018, anviwon 2.1 milyon Ameriken ki gen 12 lane oswa plis te genyen yon twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid ( yon adiksyon aktif ak opyoyid). Tankou dyabèt oswa maladi kè, pa gen okenn remèd pou adiksyon. Men, yo ka jere l, epi moun ki gen adiksyon yo ka geri epi yo geri. Gen tretman ki disponib ki pwouve yo san danje epi yo efikas. Tretman klinisyen kalifye yo bay yo ka pèmèt moun genyen yon mòdvi ki pi an sante epi ki san sentòm adiksyon. Yo rele mòdvi an sante sa a gerizon. Yon tretman ki fèt avèk yon medikaman, ansanm ak konsèy epi lòt sipò, souvan se chwa ki pi efikas pou goumen kont adiksyon opyoyid la. Dokiman sa a bay enfòmasyon sou tretman Sosyete Ameriken pou Medikaman Adiksyon (American Society of Addiction Medicine, ASAM) — pi gwo sosyete medikal pou tretman adiksyon. Pou jwenn plis enfòmasyon sou ASAM, ale sou www.ASAM.org. DEFINISYON ADIKSYON * Adiksyon se yon maladi kwonik ki ka trete, kote yon moun ap chèche sibstans epi konsome sibstans tankou dwòg oswa alkòl san kontwòl, oswa li adopte lòt konpòtman (tankou jwe jwèt aza) malgre domaj li lakoz nan sante li ak/oswa nan lavi li. Se yon maladi nan sèvo paske adiksyon an chanje fason sèvo a fonksyone. Adiksyon an afekte zòn nan sèvo a ki kontwole motivasyon, kontwòl enpilsyon, reyaksyon a estrès, memwa, ak pran desizyon. Chanjman sa yo ka dire anpil tan, menm apre moun nan fin sispann konsome sibstans yo. San tretman ak sipò pou gerizon, adiksyon an ka kontinye vin pi mal. *Modifye apati Definisyon Adiksyon ASAM lan https://www.asam.org/quality-care/definition-of-addiction

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide