17
• Epitou, klinisyen an ka rekòmande metadòn (methadone) oswa
biprenòfin (buprenorphine) pou fanm ansent ki nan moman
gerizon pou yon twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid, si
pasyan an riske fè yon nouvo chit pandan gwosès la.
• Metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) se pi
bon opsyon pou trete twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid
pandan gwosès la. Sepandan, si pasyan an ap pran naltrekzòn
(naltrexone) anvan gwosès la epi si li vle kontinye li, pasyan
an ta dwe pale sou risk ki posib yo avèk yon klinisyen. Nou pa
konnen ase bagay konsènan sekirite naltrekzòn lan (naltrexone)
pandan gwosès la.
• Malgre metadòn (methadone) ak biprenòfin (buprenorphine)
gen kèk resanblans ak lòt opyoyid tankou ewoyin (heroin) oswa
oksikodòn (oxycodone), pwopriyete espesifik yo genyen yo fè
yo pi an sekirite pandan gwosès la lè yo itilize yo sou kontwòl
yon klinisyen. Medikaman sa yo ap aji pi lontan, yo anpeche
sevraj opyoyid, ovèdoz opyoyid, ak lòt difikilte ki ka nwi
devlopman fetis la.
• Pita pandan gwosès la, klinisyen an ka ogmante dòz
medikaman an oswa fè pasyan an pran medikaman an pi
souvan pou anpeche anvi epi pou favorize yon anviwònman ki
pi estab pou fetis la.
• Klinisyen an ka rekòmande konsèy oswa lòt tretman
konpòtmantal epi medikaman.
• Pasyan ki ap pran metadòn (methadone) oswa biprenòfin
(buprenorphine) jan yo preskri yo a, epi ki pa gen lòt
rekòmandasyon pou yo pa itilize medikaman sa yo si y ap bay
timoun tete, kapab epi yo ta dwe bay timoun tete.
• Apre akouchman an, klinisyen an ap evalye pasyan an pou
wè si gen yon nesesite pou l ajiste dòz metadòn (methadone)
oswa biprenòfin lan (buprenorphine). Pwiske genyen yon risk
pou moun nan fè yon nouvo chit ak yon ovèdoz nan premye
ane apre akouchman an, pasyan yo pa ta dwe sispann pran
medikaman sa yo pandan tan sa a.