ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 15 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 16 EVALYASYON AK TRETMAN TWOUB KI LYE AK KONSOMASYON OPYOYID NAN FANM ANSENT YO Yon twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid ki pa trete ka lakoz gwo risk pou fanm ansent yo. Li ka lakoz kèk konplikasyon gwosès tankou yon foskouch, yon akouchman anvan lè (prematire), yon reta nan kwasans fetis la, epi lanmò fetis la. • Yo ta dwe kòmanse tretman pou twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid la byen bonè pandan gwosès la. » Jeneralman, yon klinisyen ki gen eksperyans nan pran swen fanm ansent epi yon klinisyen ki gen eksperyans nan tretman adiksyon, ta dwe wè pasyan an. Sepandan, si yon espesyalis pa disponib, fanm ansent yo ta dwe toujou chèche jwenn swen pandan gwosès la epi pale sou bezwen yo genyen pou tretman twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid yo. • Klinisyen an ta dwe fè yon evalyasyon medikal pou idantifye nenpòt pwoblèm medikal ijan ki dwe trete. » Egzamen medikal la ka gen ladann tès laboratwa, egzamen fizik, ekografi, ak kesyon konsènan sante mantal pasyan an ak bezwen endividyèl li yo. • Bagay ki pi enpòtan yon fanm ansent ki soufri twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid ka fè se, chèche jwenn swen pandan gwosès la regilyèman ak tretman pou adiksyon. • Sevraj la ka danjere pandan gwosès la. Pasyan yo ta dwe travay avèk klinisyen yo a pou jere sevraj la, si yo gen entansyon sispann oswa diminye konsomasyon opyoyid yo a (tankou opyoyid sou preskripsyon yo). • Klinisyen an ta dwe pale ak pasyan an konsènan risk ak avantaj diferan opsyon tretman yo genyen. Yo ta dwe pran yon desizyon ansanm, ki baze sou sa ki pi bon pou pasyan an. • Metadòn (methadone) ak biprenòfin (buprenorphine) se tretman ki pi efikas ki disponib pou fanm ansent ki soufri twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid. Klinisyen an ka rekòmande pou pasyan an entène lopital lè li kòmanse pran medikaman an, espesyalman nan twazyèm trimès la. Sepandan, pou pifò pasyan yo, yo ka pran medikaman sa yo san danje nan yon anviwònman ki pou pasyan ki pa entène.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide