ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 14 of 19

15 Doulè • Yo ka trete epi yo ta dwe ka trete doulè a kay pasyan ki soufri adiksyon opyoyid la yon fason efikas. • Pou moun ki pa nan tretman kounye a, metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) ka efikas pou trete ni adiksyon opyoyid ni doulè a. • Klinisyen an ka ogmante tanporèman dòz metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) pasyan an, oswa ogmante kantite fwa pou l pran dòz la, pou jere doulè a yon fason ki efikas. • Epitou, klinisyen an ka preskri lòt medikaman pou soulaje doulè oswa lòt tretman (tankou yon terapi fizik). • Yo pa bezwen sispann metadòn (methadone) oswa biprenòfin lan (buprenorphine) anvan yon operasyon. • Si yo sispann metadòn (methadone) oswa biprenòfin lan (buprenorphine) akoz tretman pou doulè a, yo ta dwe rekòmanse l pi vit posib. • Naltrekzòn lan (naltrexone) bloke aksyon medikaman opyoyid yo fè kont doulè a. Lè sa nesesè, yo souvan ka simonte efè blokaj sa a. Nan ka sa yo, yo ta dwe byen kontwole pasyan yo nan yon depatman ijans oswa yon anviwònman lopital. • Li enpòtan pou pasyan yo pale avèk klinisyen yo a konsènan adiksyon opyoyid yo a epi travay ansanm pou devlope yon plan jesyon doulè ki abòde pwoblèm doulè a epi redwi risk pou yo fè yon lòt chit.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide