ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 17 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 18 Bagay Ou Dwe Fè ak Bagay Ou Pa Dwe Fè pou Reyaji fas ak yon Ovèdoz Opyoyid • OU DWE Rele pou Jwenn Èd (Konpoze 911) • OU DWE sipòte respirasyon moun nan, ba li oksijèn oswa pote li sekou avèk teknik respirasyon atifisyèl la. • OU DWE ba li nalokzòn (naloxone) ( yon medikaman ki envèse efè opyoyid la) sou fòm yon piki oswa yon espre pou nen. • TOUT ZANMI/FANMI YO TA DWE GENYEN NALOKZÒN (NALOXONE) EPI KONNEN FASON POU YO ITILIZE LI. • OU DWE mete moun nan sou kan si l ap respire poukont li. • OU DWE rete avèk moun nan epi kenbe li cho. • OU PA DWE souflete moun nan oswa ou pa dwe eseye ankouraje moun nan pa lafòs—sa ap sèlman lakoz plis chòk. Si malgre w ap rele fò, fwote dwèt ou sou estènòm li (mitan pwatrin lan oswa kaj torasik la), oswa fè yon ti zongle l, sa pa reveye moun nan, gendwa se paske li pèdi konesans. • OU PA DWE benyen moun lan ak dlo frèt. Sa ogmante risk pou moun nan tonbe, nwaye oswa fè yon chòk. • OU PA DWE bay moun nan okenn sibstans sou fòm piki (dlo sale, lèt, "speed" (anfetamin), ewoyin, elatriye). Sèl tretman ki bon epi ki apwopriye se nalokzòn (naloxone). • OU PA DWE eseye fè moun nan vomi medikaman li gendwa te vale yo. Etoufman oswa lè moun nan vale vomi ki al nan poumon l yo, sa kapab lakoz li mouri. OVÈDOZ YON OVÈDOZ OPYOYID BEZWEN SWEN MEDIKAL IMEDYAT

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide