ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 16 of 19

17 • Epitou, klinisyen an ka rekòmande metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) pou fanm ansent ki nan moman gerizon pou yon twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid, si pasyan an riske fè yon nouvo chit pandan gwosès la. • Metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) se pi bon opsyon pou trete twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid pandan gwosès la. Sepandan, si pasyan an ap pran naltrekzòn (naltrexone) anvan gwosès la epi si li vle kontinye li, pasyan an ta dwe pale sou risk ki posib yo avèk yon klinisyen. Nou pa konnen ase bagay konsènan sekirite naltrekzòn lan (naltrexone) pandan gwosès la. • Malgre metadòn (methadone) ak biprenòfin (buprenorphine) gen kèk resanblans ak lòt opyoyid tankou ewoyin (heroin) oswa oksikodòn (oxycodone), pwopriyete espesifik yo genyen yo fè yo pi an sekirite pandan gwosès la lè yo itilize yo sou kontwòl yon klinisyen. Medikaman sa yo ap aji pi lontan, yo anpeche sevraj opyoyid, ovèdoz opyoyid, ak lòt difikilte ki ka nwi devlopman fetis la. • Pita pandan gwosès la, klinisyen an ka ogmante dòz medikaman an oswa fè pasyan an pran medikaman an pi souvan pou anpeche anvi epi pou favorize yon anviwònman ki pi estab pou fetis la. • Klinisyen an ka rekòmande konsèy oswa lòt tretman konpòtmantal epi medikaman. • Pasyan ki ap pran metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) jan yo preskri yo a, epi ki pa gen lòt rekòmandasyon pou yo pa itilize medikaman sa yo si y ap bay timoun tete, kapab epi yo ta dwe bay timoun tete. • Apre akouchman an, klinisyen an ap evalye pasyan an pou wè si gen yon nesesite pou l ajiste dòz metadòn (methadone) oswa biprenòfin lan (buprenorphine). Pwiske genyen yon risk pou moun nan fè yon nouvo chit ak yon ovèdoz nan premye ane apre akouchman an, pasyan yo pa ta dwe sispann pran medikaman sa yo pandan tan sa a.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide