ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 13 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 14 Rezime sou Itilizasyon Medikaman yo • Chak pasyan diferan. Bon medikaman an pèmèt pasyan an santi l nòmal, pèmèt li genyen kèk efè segondè, pèmèt li pa santi okenn sentòm sevraj, epi pèmèt li kontwole anvi li yo. • Lè pasyan yo itilize medikaman yo kòrèkteman, epi lè yo respekte plan tretman an, yo ka pran medikaman sa yo san danje pandan plizyè ane. • Nenpòt plan pasyan an genyen pou l sispann pran yon medikaman, chanje yon dòz, oswa chanje medikaman, li ta dwe toujou pale sa avèk klinisyen an. Sa a ta dwe yon desizyon pataje, kote pasyan an pale sou tout avantaj ak risk ki genyen yo epi li konprann yo tou. • Pasyan yo ap souvan patisipe nan gwoup konsèy ak sipò yo selon yon plan tretman pasyan an ak klinisyen an te dakò sou li. Men, patisipasyon nan sèvis konsèy ak lòt sèvis sipò yo pa ta dwe obligatwa pou yon moun ka resevwa tretman ki fèt avèk medikaman. • Maladi kwonik sa a ka lakoz kèk nouvo chit. Si yon pasyan fè yon lòt chit pandan l ap itilize medikaman an, klinisyen an ap chanje plan tretman an ak objektif tretman an jan sa nesesè a. • Yo ta dwe bay nalokzòn lan (naloxone) si yo sispèk genyen yon ovèdoz opyoyid. Avètisman • Medikaman yo konsève lakay yo dwe fèmen yon kote ki an sekirite. • Fanm yo ta dwe fè klinisyen yo a konnen si yo ansent oswa si yo ap bay timoun tete. • Lè ou melanje metadòn (methadone) oswa biprenòfin (buprenorphine) avèk alkòl, sedatif, trankilizan oswa lòt dwòg ki ralanti respirasyon, sa ka lakoz kèk efè segondè ki ka touye moun.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide