ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 12 of 19

13 KIJAN MEDIKAMAN SA YO AJI? Metadòn (methadone) Efè ki dire lontan • Efè: Li aji sou menm pati sèvo medikaman opyoyid yo oswa dwòg yo aji yo, men avèk efè ki dire pi lontan pou estabilize aktivite nan pati sa yo • Itilizasyon: Tretman pou sevraj opyoyid ak tretman alontèm pou adiksyon opyoyid • AVANTAJ: Li efikas pou anpeche sevraj, anvi, ak itilizasyon opyoyid yon fason ki ilegal; li diminye risk pou pasyan an mouri akoz yon ovèdoz opyoyid • DEZAVANTAJ: » Ou dwen ale nan klinik la souvan. » Li ka lakoz yon ovèdoz si yo pa pran li jan klinisyen an di a Biprenòfin (buprenorphine) Souvan melanje avèk nalokzòn (naloxone) • Efè: Li aji sou menm pati sèvo medikaman opyoyid yo oswa dwòg yo aji yo, men avèk efè ki dire pi lontan pou estabilize aktivite nan pati sa yo • Itilizasyon: Tretman pou sevraj opyoyid ak tretman alontèm pou adiksyon opyoyid • AVANTAJ: Li efikas pou anpeche sevraj, anvi, ak itilizasyon opyoyid yon fason ki ilegal; li diminye risk pou pasyan an mouri akoz yon ovèdoz opyoyid • DEZAVANTAJ: Risk pou moun nan fè yon ovèdoz lè yo melanje l avèk alkòl oswa sedatif yo Naltrekzòn (naltrexone) • Efè: Li bloke efè opyoyid yo • Itilizasyon: Li anpeche yon nouvo chit kay pasyan ki pa depandan ankò pou opyoyid • AVANTAJ: Pa gen risk pou depandans; li diminye anvi • DEZAVANTAJ: Pasyan yo gen plis chans pou yo abandone tretman ki fèt avèk naltrekzòn lan (naltrexone) Nalokzòn (naloxone) Efè akoutèm • Efè: Li bloke efè opyoyid yo • Itilizasyon: Li trete ovèdoz opyoyid la • AVANTAJ: Li sove lavi • DEZAVANTAJ: PA APLIKAB.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide