ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 11 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 12 NALOKZÒN (NALOXONE) Yo itilize nalokzòn lan (naloxone) pou trete yon ovèdoz opyoyid (li efikas sèlman pou ovèdoz opyoyid yo). Li disponib sou fòm yon espre pou nen epi sou fòm piki. Lè w genyen nalokzòn (naloxone) ki disponib, sa ka ede w sove yon moun ki te pran anpil opyoyid epi sa vin fè li sispann respire oswa li gen difikilte pou l respire. Si ou sispèk genyen yon ovèdoz, rele 911 imedyatman epi bay moun nan nalokzòn lan (naloxone) san pèdi tan. Moun nan ka bezwen plis pase yon dòz nalokzòn (naloxone) pou envèse yon ovèdoz opyoyid ki pwisan, tankou fentanil (fentanyl). Ou ka bezwen bay moun nan nalokzòn lan (naloxone) plizyè fwa paske efè li yo ka fini anvan efè opyoyid la. Pou asire sekirite pasyan an, pasyan yo, manm fanmi yo, pwòch yo, ak zanmi yo ta dwe kenbe nalokzòn lan (naloxone) yon kote ki pre yo epi yo ta dwe resevwa fòmasyon sou fason pou yo itilize l si ta genyen yon ovèdoz. Klinisyen an ta dwe bay pasyan an ak manm fanmi yo nalokzòn lan (naloxone) oswa yon preskripsyon pou nalokzòn (naloxone). Nan pifò eta yo, nalokzòn lan (naloxone) disponib tou san preskripsyon nan famasi yo. Apre ovèdoz pasyan an, li enpòtan pou yo swa kòmanse tretman pou adiksyon opyoyid la oswa travay avèk klinisyen yo a pou adapte plan tretman yo a.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide