ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 10 of 19

11 Naltrekzòn (naltrexone) • Naltrekzòn lan (naltrexone) anpeche opyoyid yo aji sou sèvo a. Sa vle di pasyan an p ap vin pèdi kontwòl tèt li akoz l ap itilize opyoyid yo, pandan l ap pran naltrekzòn lan (naltrexone). Naltrekzòn lan (naltrexone) se yon bon opsyon pou anpeche yon nouvo chit kay pasyan ki pa depandan ankò pou opyoyid. • Pasyan yo pa ka genyen okenn opyoyid nan kò yo lè yo kòmanse pran naltrekzòn (naltrexone). Si yo fè sa, l ap lakoz yon grav sevraj byen rapid. Anvan yon klinisyen kòmanse mete yon pasyan ki soufri yon adiksyon opyoyid ki aktif sou naltrekzòn (naltrexone), pasyan an dwe sibi yon sevraj sou sipèvizyon klinisyen an. Peryòd sa a ka dire soti 6 a 10 jou. • Yo bay naltrekzòn lan (naltrexone) sou yon fòm a liberasyon pwolonje yo piki nan dèyè moun nan. Klinisyen an bay piki a nan biwo a, yon fwa chak 3–4 semèn. • Epitou, naltrekzòn lan (naltrexone) disponib sou fòm yon konprime, men yo PA rekòmande fòm sa a, sof nan sikonstans ki trè limite. • Anpil pasyan dwe kontinye pran naltrekzòn lan (naltrexone) pandan yon peryòd tan pwolonje. Akoz naltrekzòn lan (naltrexone) pa pwodui depandans fizik, yo ka sispann li sibitman san sentòm sevraj yo. Sepandan, lè pasyans an sispann pran naltrekzòn lan (naltrexone) sa ka lakoz pasyan an riske fè yon nouvo chit ak yon ovèdoz. Yo ta dwe sèlman fè sa anba sipèvizyon klinisyen an ak anpil atansyon.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide