ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 9 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 10 Metadòn (methadone) • Epitou, metadòn lan (methadone) aji sou menm pati sèvo medikaman opyoyid oswa dwòg yo aji a epi li ede estabilize yo nan lide pou diminye dezi pou konsome opyoyid epi pou anpeche sentòm sevraj. • Metadòn (methadone) ka kòmanse san danje anvan pasyan an kòmanse santi sentòm sevraj yo. • Klinisyen an pral travay an kolaborasyon avèk pasyan an pou jwenn bon dòz ki diminye anvi yo, san li pa fè pasyan an santi li anvi dòmi oswa kalm. • Metadòn lan (methadone) vini sou fòm yon likid, oswa sou fòm yon poud oswa tablèt yo fonn nan yon likid anvan yo pran li. Jeneralman, yo pran li yon fwa pa jou (sa ka diferan pou pasyan ki ansent yo oswa pasyan yo ap trete pou doulè yo). • Se sèlman Pwogram espesyalize pou Tretman Opyoyid yo otorize pou trete pasyan yo avèk metadòn (methadone). • Nan kòmansman tretman an, anjeneral pasyan yo dwe ale nan klinik la chak jou pou pran dòz chak jou yo a. • Yo ka bay moun ki nan pwosesis gerizon ki estab yo yon seri medikaman pou yo ka pran etan lakay yo. • Yo dwe siveye jan moun nan ap pran metadòn lan paske lè yo pa siveye jan li pran li an, sa ka lakoz yon move itilizasyon epi yon divèsyon. • Anpil pasyan dwe kontinye pran metadòn lan (methadone) pandan yon peryòd tan pwolonje. Lè pasyans an sispann pran metadòn lan (methadone), sa ka lakoz pasyan an riske fè yon nouvo chit ak yon ovèdoz. Yo ta dwe sèlman fè sa byen dousman, sou siveyans atantif klinisyen an. • Yo te montre tretman avèk metadòn lan (methadone) diminye risk pou pasyan an mouri akoz yon ovèdoz opyoyid.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide