ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 7 of 19

© 2023 American Society of Addiction Medicine. Tout dwa rezève. ASAM.org 8 MEDIKAMAN POU ADIKSYON OPYOYID Metadòn (methadone) ak biprenòfin (buprenorfin) se tretman ki pi efikas ki disponib pou yon adiksyon opyoyid ki aktif. Naltrekzòn (naltrexone) se yon tretman efikas pou anpeche yon nouvo chit kay pasyan ki pa fizikman depandan ankò pou opyoyid. Pifò plan tretman yo gen ladan yo yon seri medikaman. Kalite medikaman yo chwazi yo depann de yon seri faktè ki gen ladan yo nivo gravite maladi pasyan an, nenpòt maladi ki rive an menm tan, aksè a diferan fòm tretman, ak preferans endividyèl yo. • Tout medikaman FDA apwouve yo—ki gen ladan metadòn (methadone), biprenòfin (buprenorfin) ak naltrekzòn (naltrexone)—pou tretman twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid ta dwe disponib pou tout pasyan yo. • Yo rekòmande pou yon moun jwenn konsèy lè l ap itilize nenpòt nan medikaman sa yo. Sepandan, konsèy la pa ta dwe obligatwa pou yon moun ka resevwa tretman ki fèt avèk medikaman an. • Yo ta dwe konsidere preferans pasyan an, antesedan li, ak nivo gravite maladi li a lè y ap deside ki medikaman ki pi bon pou chak pasyan. • Chak medikaman aji yon fason diferan epi li genyen pwòp risk ak avantaj li. Depi yo kòmanse, yo ka pran medikaman sa yo san danje pandan plizye ane. Klinisyen an ak pasyan an ta dwe egzamine ansanm risk ak avantaj chak medikaman. • Lè yo itilize yo kòrèkteman, medikaman sa yo ede retabli ekilib nan pati nan sèvo a ki afekte avèk adiksyon an, konsa yo ede pasyan yo jere adiksyon yo a pou yo ka geri. • Pa gen okenn lè espesifik pou itilizasyon medikaman yo. Li diferan pou chak pasyan. Gen kèk pasyan ki ka bezwen medikaman pandan plizyè ane. • Gen kèk moun ki nan sitiyasyon espesyal tankou gwosès, pwoblèm sante mantal, doulè, oswa ki nan sistèm jistis penal la. Yo ta dwe pale sou pwoblèm sa yo ak klinisyen yo a nan lide pou jwenn bon medikaman ki adapte ak bezwen yo a. • Adolesan yo ak moun k ap ba yo swen yo ta dwe pale sou opsyon medikaman yo avèk klinisyen yo a tou. Si premye medikaman yo chwazi a pa efikas, pasyan an ta dwe pale avèk klinisyen an konsènan yon chanjman medikaman ki ka pi efikas pou reponn a bezwen pasyan an.

Articles in this issue

Links on this page

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide