ASAM Patient Guide - NJ

Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide

ASAM Opioid Addiction Treatment GUIDELINES Apps and Pocket Guides brought to you courtesy of Guideline Central. Enjoy!

Issue link: https://eguideline.guidelinecentral.com/i/1508613

Contents of this Issue

Navigation

Page 8 of 19

9 Biprenòfin (buprenorphine) • Biprenòfin lan (buprenorphine) aji sou menm pati sèvo medikaman opyoyid yo aji a. Li ede estabilize pati sa yo yon fason pou diminye dezi pou konsome opyoyid epi pou anpeche sentòm sevraj yo. • FDA fenk apwouve plizyè nouvo fòmil biprenòfin (buprenorphine) pou tretman twoub ki lye ak konsomasyon opyoyid. • Biprenòfin (Buprenorphine) vini sou fòm tablèt oswa fim (pou itilize chak jou), piki a liberasyon pwolonje (chak semèn oswa chak mwa) epi yon enplan a liberasyon pwolonje yo mete anba po (chak 6 mwa). Yo ka ajiste dòz la alavni pou jwenn dòz ki pi bon pou pasyan an. • Anpil vèsyon medikaman sa a konbine avèk nalokzòn (naloxone) pou anpeche yon move itilizasyon. Jwenn plis enfòmasyon sou nalokzòn (naloxone) nan paj 12. Lè yo mal itilize (pran piki, rale nan nen, oswa lòt) nalokzòn (naloxone) lan nan medikaman biprenòfin (buprenorphine) lan, sa ka vin lakoz sentòm sevraj. • Pwoteksyon asirans lan ak pri asirans lan ka ede detèmine ki Tretman yo ta dwe chwazi. Klinisyen an ap asire pasyan an genyen yon dòz ak fòm ki reponn ak bezwen medikal pasyan an. • Pasyan yo ka bezwen wè klinisyen yo a souvan nan kòmansman tretman an, jiskaske sentòm adiksyon yo a estabilize. • Tretman biprenòfin (buprenorphine) lan ka kòmanse swa nan kay la oswa nan biwo yon doktè. Yo konsidere toulede opsyon yo kòm opsyon ki san danje epi ki efikas nan kòmansman. • Pasyan yo ta dwe rete tann jiskaske yo genyen sentòm sevraj opyoyid lejè a modere anvan yo pran premye dòz biprenòfin lan (buprenorphine). Si yo pran biprenòfin lan (buprenorphine) twò bonè, li ka lakoz sentòm sevraj olye pou li soulaje yo. • Anpil pasyan dwe kontinye pran biprenòfin (buprenorphine) lan pandan yon peryòd tan pwolonje. Lè pasyans an sispann pran biprenòfin lan (buprenorphine), sa ka lakoz pasyan an riske fè yon nouvo chit ak yon ovèdoz. Yo ta dwe sèlman fè sa byen dousman, sou siveyans atantif klinisyen an. • Se pa tout klinisyen ki ka preskri biprenòfin (buprenorphine), kidonk li enpòtan pou jwenn yon klinisyen apwouve ki kapab preskri medikaman sa a. • Etid yo te montre tretman avèk biprenòfin lan (buprenorphine) diminye risk pou pasyan an mouri akoz yon ovèdoz opyoyid.

Articles in this issue

view archives of ASAM Patient Guide - NJ - Haitian Creole - ASAM Opioid Patient Guide